(1b) Nou tout ki rete sou latè, chante pou Bondye sitèlman nou kontan.
Fè sèvis pou Senyè a ak kè kontan!
Vini non! Fè fèt devan li!
Pa janm bliye: Senyè a, se Bondye li ye.
Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye.
Se pèp li nou ye, mouton ki nan savann li.