Lè yon moun ankòlè, li kraze brize. Men, ki moun ki ka kenbe tèt ak yon moun k'ap fè jalouzi?
Pito ou rale zòrèy yon moun kareman pase pou ou kite l konprann sa li fè a pa anyen.
Zanmi rale zòrèy ou pou byen ou, men lènmi pase men nan kou ou pou woule ou.