Proverbs 15:1-7

Yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè. Men, si ou reponn li rèd, w'ap fè l pi eksite. Pawòl ki sòti nan bouch moun ki gen bon konprann fè ou anvi konnen tou. Men, pawòl ki sòti nan bouch moun san konprann, se pawòl san sans. Je Senyè a toupatou, l'ap veye tout moun, bon kou mechan. Bon pawòl yon zanmi bay lavi. Men, move pawòl demanbre. Moun fou pa koute lè papa yo ap pale yo. Men, moun ki gen bon konprann koute lè y'ap rale zòrèy yo. Moun ki mache dwat ap toujou gen sa yo bezwen an kantite lakay yo. Men, tou sa mechan yo genyen se tèt chaje pou yo. Lè moun ki gen bon konprann yo ap pale, se konesans y'ap bay. Men, se pa menm bagay pou moun ki san konprann yo.
Pwovèb 15:1-7