Proverbs 11:23-25

Lè moun k'ap mache dwat jwenn sa yo vle a, se lakontantman pou tout moun. Men lè se mechan ki jwenn sa y'ap tann lan, sa pa fè pesonn plezi. Moun ki bay san gad dèyè, sa pa anpeche yo vin pi rich. Men, moun ki penng, se pòv y'ap vin pi pòv. Lè ou bay ak kè kontan, ou p'ap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou.
Pwovèb 11:23-25