Proverbs 1:7-15

Krentif pou Bondye, se premye baz konesans. Moun fou pa konn valè konesans. Yo pase sa nan rizib. Pitit mwen, koute papa ou non lè l'ap ba ou bon levasyon! Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou! Menm jan bèl foula ak bèl kolye bay bèl aparans, se konsa tou konsèy manman ou ak konsèy papa ou ap fè anpil pou ou. Pitit mwen, lè moun k'ap fè sa ki mal vle detounen ou, pa kite yo pran tèt ou. Si yo di ou: Vini ak nou non! Ann anbiske kò nou pou n touye moun. Ann pare pèlen pou nou pran inonsan yo, san yo pa gen anyen ak nou. Ann vale yo tou vivan, tankou simityè ki pa janm refize mò. Ann vale yo tout ankè tankou kadav y'ap antere. N'a jwenn tout kalite gwo richès, n'a plen kay nou ak tout bagay n'a pran. W'a jwenn pa ou nan tou sa n'a pran. Va gen yon sèl kès pou nou tout. Pitit mwen, pa mache avèk moun konsa! Pa mete pye ou kote moun sa yo pase!
Pwovèb 1:7-15