Philippians 2:12-30

Filipyen 2:12-30 - Se konsa, zanmi m yo, nou tout nou te toujou obeyisan lè m te la avèk nou. Kounyeya m pa la ankò, se lè sa a pou n pi obeyisan: toujou fè jefò pou nou ka fin sove nèt, avèk krentif pou Bondye, avèk soumisyon devan li. Paske, se Bondye menm k'ap travay ni nan volonte nou ni nan fòs nou pou fè nou fè jan lide li di li.
Nan tou sa n'ap fè, pa plenyen, pa diskite, pou yo pa jwenn anyen pou yo repwoche nou, pou nou ka fè sa ki byen tankou veritab pitit Bondye, antan n'ap viv nan mitan bann malonèt ak pèvèti ki sou latè yo. Se pou nou sèvi limyè pou lemonn, lè n'ap ba yo mesay ki bay lavi a. Konsa, n'a fè kè m kontan lè jou Kris la va rive. Paske, m'a konnen mwen pat fatige kò m pou gremesi, mwen pat travay mal.
Menm si mwen ta dwe ofri lavi m', menm si san m' ta dwe koule pou wouze ofrann n'ap fè pou Bondye paske nou gen konfyans nan li a, m'ap kontan anpil epi m'ap fè kè nou tout kontan ak mwen. Konsa, nou menm tou, se pou nou kontan. Se pou nou fè kè m' kontan ak nou tou.

Si Senyè Jezi vle, mwen espere voye Timote wè nou anvan lontan, pou lè m'pran nouvèl nou, sa ka ankouraje mwen. Timote se sèl moun ki gen menm lide avè m, ki vle wè byen nou. Mwen pa gen lòt. Tout lòt yo, se zafè pa yo ase y'ap regle, yo p'ap defann kòz Kris la. Nou menm tou nou konnen jan Timote se yon nèg serye. Tankou papa ak pitit nou travay ansanm pou bòn nouvèl la. Mwen fè lide voye l kote nou lè m'a fin wè ki jan sa ap pase pou mwen. Men, mwen gen konfyans sa a nan Bondye: m'a ka vin wè nou anvan lontan.
Konsa tou, nou chonje Epafwodit, frè nou an, ki te travay ansanm avè m, ki te la avè m nan tout batay. Se nou menm ki te voye l vin ban m konkou. Enben, mwen wè se nesesè pou m voye l tounen ban nou. Se pa ti anvi li anvi wè nou. Sa te travay tèt li anpil dèske nou te vin konnen jan l te malad. Li te malad anpil, se vre. Li manke mouri. Men, Bondye te gen pitye pou li. Pa pou li sèlman, men pou mwen menm tou, pou sa pat ban mwen plis lapenn ankò. Se poutèt sa mwen pi anvi voye li bò kote nou pou nou ka kontan lè n'a wè l ankò, epi pou m ka gen mwens lapenn. Konsa, resevwa l ak kè kontan tankou yon frè nan Senyè a. Se pou nou gen anpil respè pou moun ki tankou Epafwodit, paske li te prèt pou mouri nan travay Kris la, li riske lavi li pou li te ka ban mwen konkou nou pa te la pou ban mwen.

Se konsa, zanmi m yo, nou tout nou te toujou obeyisan lè m te la avèk nou. Kounyeya m pa la ankò, se lè sa a pou n pi obeyisan: toujou fè jefò pou nou ka fin sove nèt, avèk krentif pou Bondye, avèk soumisyon devan li. Paske, se Bondye menm k'ap travay ni nan volonte nou ni nan fòs nou pou fè nou fè jan lide li di li. Nan tou sa n'ap fè, pa plenyen, pa diskite, pou yo pa jwenn anyen pou yo repwoche nou, pou nou ka fè sa ki byen tankou veritab pitit Bondye, antan n'ap viv nan mitan bann malonèt ak pèvèti ki sou latè yo. Se pou nou sèvi limyè pou lemonn, lè n'ap ba yo mesay ki bay lavi a. Konsa, n'a fè kè m kontan lè jou Kris la va rive. Paske, m'a konnen mwen pat fatige kò m pou gremesi, mwen pat travay mal. Menm si mwen ta dwe ofri lavi m', menm si san m' ta dwe koule pou wouze ofrann n'ap fè pou Bondye paske nou gen konfyans nan li a, m'ap kontan anpil epi m'ap fè kè nou tout kontan ak mwen. Konsa, nou menm tou, se pou nou kontan. Se pou nou fè kè m' kontan ak nou tou. Si Senyè Jezi vle, mwen espere voye Timote wè nou anvan lontan, pou lè m'pran nouvèl nou, sa ka ankouraje mwen. Timote se sèl moun ki gen menm lide avè m, ki vle wè byen nou. Mwen pa gen lòt. Tout lòt yo, se zafè pa yo ase y'ap regle, yo p'ap defann kòz Kris la. Nou menm tou nou konnen jan Timote se yon nèg serye. Tankou papa ak pitit nou travay ansanm pou bòn nouvèl la. Mwen fè lide voye l kote nou lè m'a fin wè ki jan sa ap pase pou mwen. Men, mwen gen konfyans sa a nan Bondye: m'a ka vin wè nou anvan lontan. Konsa tou, nou chonje Epafwodit, frè nou an, ki te travay ansanm avè m, ki te la avè m nan tout batay. Se nou menm ki te voye l vin ban m konkou. Enben, mwen wè se nesesè pou m voye l tounen ban nou. Se pa ti anvi li anvi wè nou. Sa te travay tèt li anpil dèske nou te vin konnen jan l te malad. Li te malad anpil, se vre. Li manke mouri. Men, Bondye te gen pitye pou li. Pa pou li sèlman, men pou mwen menm tou, pou sa pat ban mwen plis lapenn ankò. Se poutèt sa mwen pi anvi voye li bò kote nou pou nou ka kontan lè n'a wè l ankò, epi pou m ka gen mwens lapenn. Konsa, resevwa l ak kè kontan tankou yon frè nan Senyè a. Se pou nou gen anpil respè pou moun ki tankou Epafwodit, paske li te prèt pou mouri nan travay Kris la, li riske lavi li pou li te ka ban mwen konkou nou pa te la pou ban mwen.

Filipyen 2:12-30