Philippiens 1:3-7

Mwen di Bondye mwen an mèsi pou nou chak fwa lide m frape sou nou. Chak fwa m'ap lapriyè tou pou nou, mwen fè l ak kè kontan, poutèt jan nou te ede m gaye bòn nouvèl la, depi premye jou a jouk kounyeya. Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive. Se tou nòmal pou m fè lide konsa sou nou, paske nou toujou nan lespri m, nou tout ki kanpe la avè m nan tout favè Bondye fè m, kit lè mwen nan prizon tankou kounyeya, kit lè mwen te lib pou m defann bòn nouvèl la, pou m moutre se laverite li ye.
Filipyen 1:3-7