Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Philippians 1:3-11

Filipyen 1:3-11 - Mwen di Bondye mwen an mèsi pou nou chak fwa lide m frape sou nou. Chak fwa m'ap lapriyè tou pou nou, mwen fè l ak kè kontan, poutèt jan nou te ede m gaye bòn nouvèl la, depi premye jou a jouk kounyeya. Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive. Se tou nòmal pou m fè lide konsa sou nou, paske nou toujou nan lespri m, nou tout ki kanpe la avè m nan tout favè Bondye fè m, kit lè mwen nan prizon tankou kounyeya, kit lè mwen te lib pou m defann bòn nouvèl la, pou m moutre se laverite li ye. Mwen pran Bondye sèvi m temwen, sa m'ap di nou la a se vre wi. Mwen renmen nou tout anpil anpil avèk renmen ki sòti nan Jezikri.
Lè m'ap lapriyè Bondye, mwen mande l pou nou gen plis renmen toujou, ak bonkou konesans pou nou ka rive konprann tout bagay, pou nou ka toujou chwazi sa ki pi bon. Konsa, n'a mennen yon lavi ki pwòp, yo p'ap jwenn anyen pou repwoche nou lè Kris la va vini. Konsa, Jezikri va fè nou fè anpil bagay ki dwat epi ki bon, pou sa ka sèvi yon lwanj ak yon bèl bagay pou Bondye.

Mwen di Bondye mwen an mèsi pou nou chak fwa lide m frape sou nou. Chak fwa m'ap lapriyè tou pou nou, mwen fè l ak kè kontan, poutèt jan nou te ede m gaye bòn nouvèl la, depi premye jou a jouk kounyeya. Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan nou, li gen pou l kontinye l jouk li va fini l nèt, lè jou Jezikri a va rive. Se tou nòmal pou m fè lide konsa sou nou, paske nou toujou nan lespri m, nou tout ki kanpe la avè m nan tout favè Bondye fè m, kit lè mwen nan prizon tankou kounyeya, kit lè mwen te lib pou m defann bòn nouvèl la, pou m moutre se laverite li ye. Mwen pran Bondye sèvi m temwen, sa m'ap di nou la a se vre wi. Mwen renmen nou tout anpil anpil avèk renmen ki sòti nan Jezikri. Lè m'ap lapriyè Bondye, mwen mande l pou nou gen plis renmen toujou, ak bonkou konesans pou nou ka rive konprann tout bagay, pou nou ka toujou chwazi sa ki pi bon. Konsa, n'a mennen yon lavi ki pwòp, yo p'ap jwenn anyen pou repwoche nou lè Kris la va vini. Konsa, Jezikri va fè nou fè anpil bagay ki dwat epi ki bon, pou sa ka sèvi yon lwanj ak yon bèl bagay pou Bondye.

Filipyen 1:3-11

Philippians 1:3-11
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo