Markus 4:38-39

Jezi menm, lè sa a, te nan dèyè kannòt la. Li t'ap dòmi, tèt li apiye sou yon ti zòrye. Disip li yo souke l, yo di l konsa: — Mèt, mèt, se mouri n'ap mouri wi! Sa pa di ou anyen? Jezi leve, li pale byen fò ak van an, li di: — Pe la. Li di dlo a: — Rete trankil. Latou, van an tonbe epi vin gen yon gwo kalmi.
Mak 4:38-39