Mark 13:32-36

Pèsonn pa konnen ni ki jou ni ki lè bagay sa yo ap rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa. Kenbe kò nou. Pa kite dòmi pran nou. Paske nou pa konnen ki lè lè a va rive. Se tankou lè yon nonm pati l'al nan vwayaj. Li kite kay li nan men domestik yo pou yo okipe l pou li. Li bay chak moun travay pa yo pou yo fè. Li bay gadyen pòt la lòd pou l pa dòmi. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki lè mèt kay la va vini. Se ka aswè, nan mitan lannwit, lè kòk chante, osinon nan maten. Si l rive yon lè nou pa t'ap tann li, piga li jwenn nou ap dòmi.
Mak 13:32-36