Lè Jezi wè tout bann moun sa yo, kè l fè l mal pou yo paske li wè yo te bouke, yo te dekouraje, tankou yon bann mouton san gadò. Lè sa a, li di disip li yo:
— Rekòt la anpil, men manke bra. Soupriye mèt jaden an pou li voye plis ouvriye nan travay la.