Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Matye 7:1-12

Matye 7:1-12 - — Pa jije moun pou Bondye pa jije nou, paske Bondye va jije nou menm jan nou jije lòt yo. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm menm Bondye va sèvi pou mezire nou tou. Poukisa pou w'ap gade ti pay ki nan je frè ou, epi ou pa wè gwo bout bwa ki nan je pa ou la? Ou menm ki gen yon gwo bout bwa nan je ou la, kouman ou ka di frè ou: Kite m wete ti pay ki nan je ou la? Ipokrit! Wete gwo bout bwa ki nan je pa ou la anvan. Apre sa, w'a wè klè pou ou ka wete ti pay ki nan je frè ou la.
— Piga nou bay chen bagay ki apa pou Bondye. Ni tou piga nou voye bijou nou devan kochon. Si nou fè sa, kochon an mache sou yo, lèfini l'a vire sou nou pou devore nou.


— Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou. Paske, nenpòt moun ki mande va resevwa. Moun ki chache va jwenn. Y'a louvri pou moun ki frape. Eske gen yonn nan nou ki va bay pitit li yon wòch si li mande l yon pen? Eske l'a ba li yon sèpan, si li mande li yon pwason? Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou yo bon bagay, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou bon bagay lè nou mande li.
— Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou, fè li pou yo tou. Se sa lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo mande nou fè.

— Pa jije moun pou Bondye pa jije nou, paske Bondye va jije nou menm jan nou jije lòt yo. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm menm Bondye va sèvi pou mezire nou tou. Poukisa pou w'ap gade ti pay ki nan je frè ou, epi ou pa wè gwo bout bwa ki nan je pa ou la? Ou menm ki gen yon gwo bout bwa nan je ou la, kouman ou ka di frè ou: Kite m wete ti pay ki nan je ou la? Ipokrit! Wete gwo bout bwa ki nan je pa ou la anvan. Apre sa, w'a wè klè pou ou ka wete ti pay ki nan je frè ou la. — Piga nou bay chen bagay ki apa pou Bondye. Ni tou piga nou voye bijou nou devan kochon. Si nou fè sa, kochon an mache sou yo, lèfini l'a vire sou nou pou devore nou. — Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou. Paske, nenpòt moun ki mande va resevwa. Moun ki chache va jwenn. Y'a louvri pou moun ki frape. Eske gen yonn nan nou ki va bay pitit li yon wòch si li mande l yon pen? Eske l'a ba li yon sèpan, si li mande li yon pwason? Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou yo bon bagay, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou bon bagay lè nou mande li. — Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou, fè li pou yo tou. Se sa lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo mande nou fè.

Matye 7:1-12

Matye 7:1-12
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo