Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Matthew 6:1-8

Matye 6:1-8 - — Fè atansyon lè n'ap fè devwa nou pou Bondye pou nou pa fè l yon jan pou fè moun wè. Lè nou fè l konsa, Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou okenn rekonpans.
— Se sa ki fè tou, lè w'ap bay yon moun ki nan nesesite kichòy, ou pa bezwen fè tout moun wè sa, tankou ipokrit yo fè l nan sinagòg ak nan lari. Yo fè sa pou moun ka fè lwanj yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo. Men, lè w'ap ede moun ki nan nesesite, fè sa yon jan pou men ki bay la, lòt men an pa bezwen konn sa. Konsa, byen ou fè a rete sekrè. Bondye ki konnen sa ou fè a, l'a ba ou rekonpans ou.


— Lè n'ap lapriyè, pa fè tankou ipokrit yo ki renmen kanpe nan mitan sinagòg ak nan pwent kalfou pou yo lapriyè. Yo fè sa pou moun kapab wè yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo. Men ou menm, lè w'ap lapriyè, antre nan chanm ou. Fèmen pòt ou. Lapriyè Papa ou ki la pou kont li avè ou. Konsa, Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a, se li ki va ba ou rekonpans ou.
— Lè w'ap lapriyè, pa plede repete yon bann pawòl pou gremesi. Se konsa moun lòt nasyon yo fè. Yo mete nan tèt yo Bondye va tande yo si yo pale anpil. Piga nou fè tankou moun sa yo. Paske, Papa nou tou konnen sa nou bezwen anvan menm nou mande li.

— Fè atansyon lè n'ap fè devwa nou pou Bondye pou nou pa fè l yon jan pou fè moun wè. Lè nou fè l konsa, Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou okenn rekonpans. — Se sa ki fè tou, lè w'ap bay yon moun ki nan nesesite kichòy, ou pa bezwen fè tout moun wè sa, tankou ipokrit yo fè l nan sinagòg ak nan lari. Yo fè sa pou moun ka fè lwanj yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo. Men, lè w'ap ede moun ki nan nesesite, fè sa yon jan pou men ki bay la, lòt men an pa bezwen konn sa. Konsa, byen ou fè a rete sekrè. Bondye ki konnen sa ou fè a, l'a ba ou rekonpans ou. — Lè n'ap lapriyè, pa fè tankou ipokrit yo ki renmen kanpe nan mitan sinagòg ak nan pwent kalfou pou yo lapriyè. Yo fè sa pou moun kapab wè yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo. Men ou menm, lè w'ap lapriyè, antre nan chanm ou. Fèmen pòt ou. Lapriyè Papa ou ki la pou kont li avè ou. Konsa, Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a, se li ki va ba ou rekonpans ou. — Lè w'ap lapriyè, pa plede repete yon bann pawòl pou gremesi. Se konsa moun lòt nasyon yo fè. Yo mete nan tèt yo Bondye va tande yo si yo pale anpil. Piga nou fè tankou moun sa yo. Paske, Papa nou tou konnen sa nou bezwen anvan menm nou mande li.

Matye 6:1-8

Matthew 6:1-8
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo