Matthew 6:1-2

— Fè atansyon lè n'ap fè devwa nou pou Bondye pou nou pa fè l yon jan pou fè moun wè. Lè nou fè l konsa, Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou okenn rekonpans. — Se sa ki fè tou, lè w'ap bay yon moun ki nan nesesite kichòy, ou pa bezwen fè tout moun wè sa, tankou ipokrit yo fè l nan sinagòg ak nan lari. Yo fè sa pou moun ka fè lwanj yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo.
Matye 6:1-2