Matthew 6:1-4

— Fè atansyon lè n'ap fè devwa nou pou Bondye pou nou pa fè l yon jan pou fè moun wè. Lè nou fè l konsa, Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou okenn rekonpans. — Se sa ki fè tou, lè w'ap bay yon moun ki nan nesesite kichòy, ou pa bezwen fè tout moun wè sa, tankou ipokrit yo fè l nan sinagòg ak nan lari. Yo fè sa pou moun ka fè lwanj yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo. Men, lè w'ap ede moun ki nan nesesite, fè sa yon jan pou men ki bay la, lòt men an pa bezwen konn sa. Konsa, byen ou fè a rete sekrè. Bondye ki konnen sa ou fè a, l'a ba ou rekonpans ou.
Matye 6:1-4