Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Matthew 27:45-56

Matye 27:45-56 - Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè apre midi. Vè twazè, Jezi rele byen fò, li di:
— Eli, Eli lema sabaktani? (Ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m konsa?)
Nan moun ki te la yo, genyen ki tande l'ap pale. Yo di:
— Men l'ap rele Eli.
Lamenm, yonn nan yo kouri al pran yon eponj, li tranpe l nan vinèg, li mete l nan pwent yon gòl wozo, li lonje l bò bouch Jezi ba l bwè. Men, lòt moun yo di:
— Tann non, monchè. Ann wè si Eli ap vin delivre li.
Jezi bay yon gwo rèl ankò, epi li mouri.
Menm lè a, rido tanp lan chire fè de moso, depi anwo jouk anba. Latè tranble. Wòch fann. Tonm yo louvri. Anpil fidèl Bondye ki te mouri, yo resisite. Yo soti vivan nan tonm yo. Apre Jezi li menm te leve sòti vivan nan lanmò, yo antre lavil Jerizalèm kote anpil moun te wè yo.
Lè ofisye lame a ansanm ak gad ki t'ap veye Jezi ansanm avè l yo wè tranblemanntè a ak tou sa ki te pase, yon sèl lapè pran yo. Yo di:
— Se vre wi, nonm sa a te Pitit Bondye.
Te gen plizyè fanm la tou. Men, yo te rete lwen ap gade. Se moun ki t'ap swiv Jezi, ki t'ap okipe l depi lè l te nan peyi Galile. Nan yo te genyen: Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Jak ak Jozèf, ansanm ak manman pitit Zebede yo.

Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè apre midi. Vè twazè, Jezi rele byen fò, li di: — Eli, Eli lema sabaktani? (Ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m konsa?) Nan moun ki te la yo, genyen ki tande l'ap pale. Yo di: — Men l'ap rele Eli. Lamenm, yonn nan yo kouri al pran yon eponj, li tranpe l nan vinèg, li mete l nan pwent yon gòl wozo, li lonje l bò bouch Jezi ba l bwè. Men, lòt moun yo di: — Tann non, monchè. Ann wè si Eli ap vin delivre li. Jezi bay yon gwo rèl ankò, epi li mouri. Menm lè a, rido tanp lan chire fè de moso, depi anwo jouk anba. Latè tranble. Wòch fann. Tonm yo louvri. Anpil fidèl Bondye ki te mouri, yo resisite. Yo soti vivan nan tonm yo. Apre Jezi li menm te leve sòti vivan nan lanmò, yo antre lavil Jerizalèm kote anpil moun te wè yo. Lè ofisye lame a ansanm ak gad ki t'ap veye Jezi ansanm avè l yo wè tranblemanntè a ak tou sa ki te pase, yon sèl lapè pran yo. Yo di: — Se vre wi, nonm sa a te Pitit Bondye. Te gen plizyè fanm la tou. Men, yo te rete lwen ap gade. Se moun ki t'ap swiv Jezi, ki t'ap okipe l depi lè l te nan peyi Galile. Nan yo te genyen: Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Jak ak Jozèf, ansanm ak manman pitit Zebede yo.

Matye 27:45-56

Matthew 27:45-56
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo