Matthew 26:40-43

Jezi tounen bò kote twa disip yo, li jwenn yo ap dòmi. Li di Pyè konsa: — Kouman? Nou pat kapab rete je klè yon ti kadè avèk mwen! Pa kite dòmi pran nou, tande. Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb. Li kite yo, l'ale yon dezyèm fwa. Li lapriyè konsa: — O Papa m, si se pou m bwè gode soufrans sa a anvan pou ou wete l devan je m, ou mèt fè l jan ou vle a. Li tounen, li jwenn disip yo ap dòmi ankò, paske dòmi t'ap kale yo.
Matye 26:40-43