Matthew 2:1-4

Jezi te fèt Betlyèm nan Jide sou wa Ewòd. Apre li fèt, kèk espesyalis nan etid zetwal te soti peyi solèy leve, yo rive Jerizalèm. Yo t'ap mande: — Kote wa jwif yo ki fèk fèt la. Nou wè zetwal li depi peyi nou. Nou vin pou adore li. Lè wa Ewòd pran nouvèl la, sa te boulvèse tèt li. Sa te boulvèse tout moun lavil Jerizalèm yo tou. Ewòd reyini tout chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo ki t'ap dirije pèp jwif la. Li mande yo: — Ki kote Kris la gen pou l fèt?
Matye 2:1-4