Matteüs 16:24-27

Apre sa, Jezi di disip li yo: — Si yon moun vle mache dèyè m, se pou li bliye tèt li. Se pou l chaje kwa l sou zepòl li, epi swiv mwen. Paske, moun ki ta vle sove lavi l va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen, li va jwenn li ankò. Kisa sa ta sèvi yon moun pou l ta genyen lemonn antye si l pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l gen lavi? Konprann sa byen, Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l tounen ak zanj li yo, nan tout bèl pouvwa Papa l la. Lè sa a, li va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.
Matye 16:24-27