Matthew 13:44-58

— Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ja lajan ki te anba tè nan yon jaden. Yon nonm rive jwenn li, li kouvri l ankò. Li sitèlman kontan, l ale, li vann tou sa l genyen, li tounen vin achte jaden an. — Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon machann k'ap chache bèl grenn pèl. Lè li jwenn yon bèl grenn pèl ki chè anpil, l ale, li vann tou sa l genyen pou l ka achte li. — Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon privye yo voye nan lanmè. Li pran tout kalite pwason. Lè li fin plen, pechè pwason yo rale l sou bò rivay la. Yo chita, yo triye pwason yo: yo mete bon pwason yo nan panyen, yo jete sa ki pa bon yo nan lanmè ankò. Se konsa sa pral rive tou lè tout bagay va fini. Zanj Bondye yo va vini, y'ap mete mechan yo yon bò, moun ki fè sa ki byen yo yon bò. Y'a jete mechan yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl. Se la va gen manje dan. Jezi mande disip li yo: — Eske nou konprann tou sa? Yo reponn: — Wi. Lè sa a, Jezi di yo: — Se konsa, tout dirèktè lalwa ki tounen yon disip nan Peyi Wa ki nan syèl la ap tankou yon mèt kay k'ap rale met deyò bagay li fenk achte ak bagay li gen depi lontan nan byen l yo. Lè Jezi fin di parabòl sa yo, li kite kote l te ye a. Lale nan lavil kote l te grandi a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg la. Tout moun ki t'ap koute l te sezi anpil. Yo t'ap di konsa: — Ki bò li pran konesans sa a! Kouman li fè fè tout mirak sa yo? Se pa pitit bòs chapant lan? Se pa Mari ki manman li? Se pa frè Jak, Jozèf, Simon ak Jid li ye? Apa tout sè l yo la avèk nou. Kote l jwenn tout bagay sa yo? Se rezon sa yo ki okazyone yo tonbe nan peche. Lè sa a, Jezi di yo: — Yon pwofèt pa janm jwenn konsiderasyon li merite, ni nan peyi li, ni nan fanmi li, ni lakay li. Se konsa Jezi pat fè anpil mirak la, paske yo pat kwè nan li.
Matye 13:44-58