Mattheüs 10:16-28

— Gade, mesye! M'ap voye nou tankou mouton nan mitan chen mawon. Se sa ki fè, se pou nou veyatif kou pentad. Se pou nou konfyan kou ti poul ki dèyè manman yo. Pran prekosyon nou ak tout moun. Paske y'a trennen nou devan tribinal, y'a bat nou ak kout fwèt nan sinagòg yo. Y'a fè nou konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou kapab sèvi m temwen devan yo ak devan moun lòt nasyon yo. Men, lè y'a mennen nou nan tribinal, pa bat kò nou chache sa n'a gen pou n di, ni jan n'a gen pou n pale. Lè lè a va rive, Bondye va mete nan bouch nou sa n'a gen pou n di. Paske, se pa nou menm ki va pale, men se Lespri Papa nou an ki va mete pawòl nan bouch nou. — Frè va denonse frè pou fè touye li. Papa va denonse pitit. Pitit va leve kont papa ak manman pou fè touye yo. Tout moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se yo ki va sove. Lè y'a pèsekite nou nan yon lavil, sove ale nan yon lòt. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun Bondye voye nan lachè a va gentan vini anvan n'a fin mache nan tout lavil ki nan peyi Izrayèl la. — Yon elèv pa pi fò pase mèt li. Nitou, yon domestik pa pi grannèg pase patwon li. Si yon elèv rive fò tankou mèt li, sa kont pou li. Si yon domestik rive tankou patwon li, sa ase pou li. Si yo rele mèt kay la Bèlzeboul, se pa lòt moun nan kay la yo pa ta bay pi move non toujou! — Se sa k fè nou pa bezwen pè pèsonn. Pa gen anyen ki kache ki p'ap dekouvri yon lè. Nanpwen sekrè ki p'ap devwale. Tou sa m'ap di nou nan fènwa, nou menm repete l gwo lajounen. Tou sa yo di nou nan zòrèy, mache bay li nan tout kalfou. Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè.
Matye 10:16-28