Matthew 10:16-23

— Gade, mesye! M'ap voye nou tankou mouton nan mitan chen mawon. Se sa ki fè, se pou nou veyatif kou pentad. Se pou nou konfyan kou ti poul ki dèyè manman yo. Pran prekosyon nou ak tout moun. Paske y'a trennen nou devan tribinal, y'a bat nou ak kout fwèt nan sinagòg yo. Y'a fè nou konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou kapab sèvi m temwen devan yo ak devan moun lòt nasyon yo. Men, lè y'a mennen nou nan tribinal, pa bat kò nou chache sa n'a gen pou n di, ni jan n'a gen pou n pale. Lè lè a va rive, Bondye va mete nan bouch nou sa n'a gen pou n di. Paske, se pa nou menm ki va pale, men se Lespri Papa nou an ki va mete pawòl nan bouch nou. — Frè va denonse frè pou fè touye li. Papa va denonse pitit. Pitit va leve kont papa ak manman pou fè touye yo. Tout moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se yo ki va sove. Lè y'a pèsekite nou nan yon lavil, sove ale nan yon lòt. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun Bondye voye nan lachè a va gentan vini anvan n'a fin mache nan tout lavil ki nan peyi Izrayèl la.
Matye 10:16-23