Matthew 1:21-25

Li pral fè yon pitit gason. W'a rele l Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l yo. Tou sa pase konsa pou pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te ka rive vre. Men sa l te di: Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. Y'a rele l Emannwèl. (Non sa a vle di: Bondye avèk nou.) Lè Jozèf leve nan dòmi an, li fè tou sa zanj Bondye a te di l fè: li pran madanm li lakay li. Men, Jozèf pat kouche ak Mari, jouk lè li te fin akouche yon ti gason. Jozèf te rele pitit la Jezi.
Matye 1:21-25