Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Matouš 1:18-25

Matye 1:18-25 - Men kijan Jezikri te rive fèt. Manman li Mari te fyanse ak Jozèf. Anvan menm yo te antre viv nan kay ansanm, Sentespri fè Mari vin twouve li ansent. Jozèf, fyanse l la, te yon nonm dwat. Li pat vle fè eskandal ak sa. Li te vle kase fiyansay la san bri san kont. Li t'ap kalkile sou jan li ta pral fè sa lè li wè yon zanj Bondye parèt devan li nan dòmi. Zanj lan di li:
— Jozèf, pitit pitit David, ou pa bezwen pè pran Mari pou madanm ou. Paske, pitit l'ap pote a se travay Sentespri. Li pral fè yon pitit gason. W'a rele l Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l yo.
Tou sa pase konsa pou pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te ka rive vre. Men sa l te di:
Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason.
Y'a rele l Emannwèl. (Non sa a vle di: Bondye avèk nou.)
Lè Jozèf leve nan dòmi an, li fè tou sa zanj Bondye a te di l fè: li pran madanm li lakay li. Men, Jozèf pat kouche ak Mari, jouk lè li te fin akouche yon ti gason. Jozèf te rele pitit la Jezi.

Men kijan Jezikri te rive fèt. Manman li Mari te fyanse ak Jozèf. Anvan menm yo te antre viv nan kay ansanm, Sentespri fè Mari vin twouve li ansent. Jozèf, fyanse l la, te yon nonm dwat. Li pat vle fè eskandal ak sa. Li te vle kase fiyansay la san bri san kont. Li t'ap kalkile sou jan li ta pral fè sa lè li wè yon zanj Bondye parèt devan li nan dòmi. Zanj lan di li: — Jozèf, pitit pitit David, ou pa bezwen pè pran Mari pou madanm ou. Paske, pitit l'ap pote a se travay Sentespri. Li pral fè yon pitit gason. W'a rele l Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l yo. Tou sa pase konsa pou pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te ka rive vre. Men sa l te di: Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. Y'a rele l Emannwèl. (Non sa a vle di: Bondye avèk nou.) Lè Jozèf leve nan dòmi an, li fè tou sa zanj Bondye a te di l fè: li pran madanm li lakay li. Men, Jozèf pat kouche ak Mari, jouk lè li te fin akouche yon ti gason. Jozèf te rele pitit la Jezi.

Matye 1:18-25

Matouš 1:18-25
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo