Malachi 3:7-14

Depi sou tan zansèt nou yo, nou pa okipe sa m'te ban nou lòd fè. Nou pa swiv yo. Tounen vin jwenn mwen. Mwen menm, m'a tounen vin jwenn nou. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. N'ap mande nan kisa nou dwe tounen vin jwenn mwen an? Mwen menm m'ap mande nou: Eske yon moun ka twonpe Bondye? Non. Men se twonpe n'ap twonpe m'. N'ap mande kijan n'ap twonpe m' lan. Enben m'ap reponn nou: - Se nan kesyon ladim ak lòt bagay nou fèt pou nou ofri mwen yo. Gen yon madichon ki gen pou tonbe sou nou tout, paske tout moun nan peyi a ap twonpe m. Pote tout ladim lan nèt nan tanp lan san wete anyen ladan li dekwa pou pa manke manje nan tanp lan. N'a wè si mwen p'ap louvri pòt kannal syèl la, si mwen p'ap vide benediksyon sou nou ankantite. Mwen p'ap kite chini vini pou detwi rekòt jaden nou ankò, ni pou anpeche pye rezen nou yo donnen. Se Senyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. Lè sa a, moun toupatou sou latè va rekonèt jan Bondye beni nou, paske sa pral bon nèt pou moun k'ap viv nan peyi nou an. Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Senyè a di ankò: — Nou te pale m mal. Men nou reponn: Kisa nou di sou ou konsa? Nou te di: Sa pa sèvi anyen pou yon moun sèvi Bondye. Sa sa ap rapòte yon moun pou li fè sa Senyè a mande, pou li fè Senyè a wè li gen lapenn pou sa li fè ki mal?
Malachi 3:7-14