Lik 6:27-38

Lik 6:27-38 - — Nou menm k'ap koute m la a, men sa m'ap di nou: Renmen tout lènmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou. Mande benediksyon pou moun k'ap ban nou madichon. Lapriyè pou moun k'ap maltrete nou. Si yon moun ban nou yon souflèt sou yon bò figi, vire lòt bò a ba li. Si yon moun pran levit nou, kite l pran chemiz nou tou. Nenpòt moun ki mande nou kichòy, ba li l. Si yon moun pran sa ki pou nou, kite l pou li. Tou sa nou va vle lòt moun fè pou nou, fè l pou yo tou.
— Si nou plede renmen sèlman moun ki renmen nou, ki benediksyon pou n tann pou sa? Mechan yo tou yo renmen moun ki renmen yo. Si nou fè byen sèlman pou moun ki fè nou byen, ki benediksyon pou nou tann pou sa? Mechan yo fè menm jan an tou. Si se moun nou konnen k'ap renmèt nou nou prete sèlman, ki benediksyon pou nou tann pou sa? Mechan yo tou, yo prete mechan parèy yo ki kapab renmèt yo sa yo te prete yo a san mank. Non, nou menm, se pou nou renmen lènmi nou yo, fè yo byen. Prete san nou pa mete espwa moun ap renmèt nou. Se konsa n'a resevwa yon gwo rekonpans. Se lè sa a n'a pitit Bondye ki anwo nan syèl la. Paske li menm li bon, ni pou engra ni pou mechan. Se pou nou gen kè sansib menm jan Bondye, papa nou, gen kè sansib.


— Pa jije moun, konsa Bondye p'ap jije nou. Pa kondannen moun, konsa Bondye p'ap kondannen nou. Padonnen yo, konsa Bondye va padonnen nou tou. Bay, Bondye va ban nou. L'a lage yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l, nan pòch rad nou. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou.

— Nou menm k'ap koute m la a, men sa m'ap di nou: Renmen tout lènmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou. Mande benediksyon pou moun k'ap ban nou madichon. Lapriyè pou moun k'ap maltrete nou. Si yon moun ban nou yon souflèt sou yon bò figi, vire lòt bò a ba li. Si yon moun pran levit nou, kite l pran chemiz nou tou. Nenpòt moun ki mande nou kichòy, ba li l. Si yon moun pran sa ki pou nou, kite l pou li. Tou sa nou va vle lòt moun fè pou nou, fè l pou yo tou. — Si nou plede renmen sèlman moun ki renmen nou, ki benediksyon pou n tann pou sa? Mechan yo tou yo renmen moun ki renmen yo. Si nou fè byen sèlman pou moun ki fè nou byen, ki benediksyon pou nou tann pou sa? Mechan yo fè menm jan an tou. Si se moun nou konnen k'ap renmèt nou nou prete sèlman, ki benediksyon pou nou tann pou sa? Mechan yo tou, yo prete mechan parèy yo ki kapab renmèt yo sa yo te prete yo a san mank. Non, nou menm, se pou nou renmen lènmi nou yo, fè yo byen. Prete san nou pa mete espwa moun ap renmèt nou. Se konsa n'a resevwa yon gwo rekonpans. Se lè sa a n'a pitit Bondye ki anwo nan syèl la. Paske li menm li bon, ni pou engra ni pou mechan. Se pou nou gen kè sansib menm jan Bondye, papa nou, gen kè sansib. — Pa jije moun, konsa Bondye p'ap jije nou. Pa kondannen moun, konsa Bondye p'ap kondannen nou. Padonnen yo, konsa Bondye va padonnen nou tou. Bay, Bondye va ban nou. L'a lage yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l, nan pòch rad nou. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou.

Lik 6:27-38

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an