Lukas 6:27-32

— Nou menm k'ap koute m la a, men sa m'ap di nou: Renmen tout lènmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou. Mande benediksyon pou moun k'ap ban nou madichon. Lapriyè pou moun k'ap maltrete nou. Si yon moun ban nou yon souflèt sou yon bò figi, vire lòt bò a ba li. Si yon moun pran levit nou, kite l pran chemiz nou tou. Nenpòt moun ki mande nou kichòy, ba li l. Si yon moun pran sa ki pou nou, kite l pou li. Tou sa nou va vle lòt moun fè pou nou, fè l pou yo tou. — Si nou plede renmen sèlman moun ki renmen nou, ki benediksyon pou n tann pou sa? Mechan yo tou yo renmen moun ki renmen yo.
Lik 6:27-32