Apre sa, li mennen yo an deyò lavil la, bò Betani, epi li leve men li pou l beni yo. Antan l'ap beni yo konsa, li separe ak yo, li moute nan syèl la. Yo menm menm, lè yo fin adore l, yo tounen lavil Jerizalèm ak yon gwo kè kontan. Se tout tan yo te nan tanp lan ap fè lwanj Bondye.