Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Luke 23:33-43

Lik 23:33-43 - Lè yo rive kote yo rele Zo bwa Tèt la, yo kloure Jezi sou kwa a. Yo kloure de kriminèl yo sou de lòt kwa, yonn chak bò li. Jezi di:
— Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè.
Sòlda yo fè tirajosò pou separe rad li. Pèp la te kanpe la ap gade. Chèf yo t'ap pase Jezi nan rizib, yo t'ap di:
— Gade! Li sove lòt moun. Si se Kris la li ye, moun Bondye chwazi a, se pou l sove tèt pa l tou.
Sòlda yo t'ap pase l nan betiz tou. Yo pwoche bò kote l, yo ba l vinèg pou l bwè, epi yo di li:
— Si ou se wa jwif yo, se pou ou sove tèt ou ou menm!
Men sa k te ekri sou tèt kwa a: Nonm sa a se wa jwif yo li ye.
Yonn nan kriminèl yo te kloure sou kwa yo t'ap joure li. Li t'ap di li:
— Se pa ou ki Kris la? Sove tèt ou non, epi sove nou ansanm avè ou tou.
Men lòt la reprann li epi li di li:
— Genlè ou san krentif pou Bondye, ou menm ki anba menm kondansyon ak li a! Pou nou menm se jistis, paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou fè. Men li menm, li pa fè anyen.
Epi li di Jezi:
— Chonje m wi lè w'a vin pran gouvènman an nan men ou!
Jezi reponn li:
— Sa m'ap di ou la, se vre wi: Jòdi a ou pral avè m nan paradi.

Lè yo rive kote yo rele Zo bwa Tèt la, yo kloure Jezi sou kwa a. Yo kloure de kriminèl yo sou de lòt kwa, yonn chak bò li. Jezi di: — Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè. Sòlda yo fè tirajosò pou separe rad li. Pèp la te kanpe la ap gade. Chèf yo t'ap pase Jezi nan rizib, yo t'ap di: — Gade! Li sove lòt moun. Si se Kris la li ye, moun Bondye chwazi a, se pou l sove tèt pa l tou. Sòlda yo t'ap pase l nan betiz tou. Yo pwoche bò kote l, yo ba l vinèg pou l bwè, epi yo di li: — Si ou se wa jwif yo, se pou ou sove tèt ou ou menm! Men sa k te ekri sou tèt kwa a: Nonm sa a se wa jwif yo li ye. Yonn nan kriminèl yo te kloure sou kwa yo t'ap joure li. Li t'ap di li: — Se pa ou ki Kris la? Sove tèt ou non, epi sove nou ansanm avè ou tou. Men lòt la reprann li epi li di li: — Genlè ou san krentif pou Bondye, ou menm ki anba menm kondansyon ak li a! Pou nou menm se jistis, paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou fè. Men li menm, li pa fè anyen. Epi li di Jezi: — Chonje m wi lè w'a vin pran gouvènman an nan men ou! Jezi reponn li: — Sa m'ap di ou la, se vre wi: Jòdi a ou pral avè m nan paradi.

Lik 23:33-43

Luke 23:33-43
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo