Luke 22:19-30

Lik 22:19-30 - Apre sa, li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase li. Li ba yo l, epi li di yo:
— Sa se kò mwen. Se mwen menm ki bay li pou nou. Se pou nou fè sa pou nou ka toujou chonje mwen.
Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo gode diven an. Li di yo:
— Gode sa a, se nouvo kontra Bondye pase ak moun. Se avèk san m ki koule pou nou an li siyen l. Men gade! Moun k'ap trayi m lan, li la bò tab la ansanm ak mwen! Moun Bondye voye nan lachè a pral mouri jan Bondye te vle l la, se vre. Men, malè pou moun ki trayi l la!
Latou, yonn pran mande lòt kilès nan yo la a ki pral fè bagay sa a.

Epi yon gwo diskisyon leve nan mitan disip yo pou konnen kilès nan yo ki gen plis enpòtans. Jezi di yo:
— Nan tout peyi, wa se kòmande yo kòmande, moun ki chèf fè nou rele yo Bon papa. Men pou nou menm, se pa konsa pou sa ye. Okontrè, moun ki pi enpòtan an nan mitan nou, se pou li konpòte li tankou sa ki pi ba a. Sa k'ap kòmande a, se pou li tankou moun k'ap sèvi a. Kilès ki pi enpòtan? Moun ki atab la osinon moun k'ap sèvi a? Se moun ki atab la, pa vre? Enben, mwen menm, mwen nan mitan nou tankou moun k'ap sèvi a.
— Nou menm, nou se moun ki kenbe fèm avè m nan tout tribilasyon mwen yo. Se poutèt sa, menm jan Papa a te ban m dwa pou m gouvènen nan peyi kote li wa a, mwen menm tou, m'ap ban nou dwa sa a. N'a manje, n'a bwè sou tab ansanm avè m sou gouvènman mwen an. M'a mete nou chita sou bèl fòtèy pou nou jije douz branch fanmi Izrayèl la.