Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Luke 19:37-44

Lik 19:37-44 - Lè li rive toupre Jerizalèm, nan ladesant mòn Olivye, yon sèl kontantman pran foul ki t'ap swiv li a. Moun yo pran rele: Beniswa Letènèl, byen fò pou tout mirak yo te wè. Yo t'ap di:
— Benediksyon pou Wa ki vini nan non Mèt la! Kè poze pou tout moun nan syèl la! Lwanj pou Bondye!
Te gen kèk farizyen nan mitan foul la. Yo di Jezi konsa:
— Mèt, manyè fè disip ou yo pe bouch yo non.
Jezi reponn yo:
— Si yo pe, ata wòch yo va pran rele nan plas yo.

Lè Jezi rive toupre vil la, dlo koule nan je li pou li, li di:
— Si sèlman, jòdi a ou te kapab konprann, ou menm tou, bagay ki pou fè kè ou poze? Men, kounyeya, yo kache. Ou pa kapab wè yo! Gen yon tan k'ap vin sou ou: lè sa a, lènmi ou yo va sènen ou toupatou, y'a fèmen ou nèt, y'a kwense ou sou tout bò. Y'a detwi ou nèt ansanm ak tout moun ki nan mitan ou yo. Yo p'ap kite yon wòch kanpe sou yon lòt, paske ou pat rekonèt jou Bondye te vin pote ou sekou a.

Lè li rive toupre Jerizalèm, nan ladesant mòn Olivye, yon sèl kontantman pran foul ki t'ap swiv li a. Moun yo pran rele: Beniswa Letènèl, byen fò pou tout mirak yo te wè. Yo t'ap di: — Benediksyon pou Wa ki vini nan non Mèt la! Kè poze pou tout moun nan syèl la! Lwanj pou Bondye! Te gen kèk farizyen nan mitan foul la. Yo di Jezi konsa: — Mèt, manyè fè disip ou yo pe bouch yo non. Jezi reponn yo: — Si yo pe, ata wòch yo va pran rele nan plas yo. Lè Jezi rive toupre vil la, dlo koule nan je li pou li, li di: — Si sèlman, jòdi a ou te kapab konprann, ou menm tou, bagay ki pou fè kè ou poze? Men, kounyeya, yo kache. Ou pa kapab wè yo! Gen yon tan k'ap vin sou ou: lè sa a, lènmi ou yo va sènen ou toupatou, y'a fèmen ou nèt, y'a kwense ou sou tout bò. Y'a detwi ou nèt ansanm ak tout moun ki nan mitan ou yo. Yo p'ap kite yon wòch kanpe sou yon lòt, paske ou pat rekonèt jou Bondye te vin pote ou sekou a.

Lik 19:37-44

Luke 19:37-44
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo