Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Luke 1:46-55

Lik 1:46-55 - Lè sa a, Mari di:
Kite m' chante pou Mèt ki gen tout pouvwa a.
Lespri m pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen.
Paske li voye je l sou mwen, yon sèvant ki soumèt devan li.
Wi, depi kounyeya, epi pou tout tan, tout moun pral di:
Ou se yon fanm Bondye beni!
Paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil bèl bagay pou mwen.
Non li, se yon non pou tout moun respekte.
L'ap toujou gen pitye
pou tout moun ki gen krentif pou li.
Li fè lèzòm santi fòs ponyèt li.
Li fè moun ki gen lògèy ak gwo lide nan kè yo pèdi tèt yo.
Li desann chèf ki te byen chita nan fòtèy yo.
Li leve moun ki pa gen pretansyon yo.
Li bay moun ki grangou yo anpil byen.
Li voye rich yo ale san anyen.
Li vin pote sekou bay pèp Izrayèl k'ap sèvi l la.
Li pa bliye fè wè jan li toujou gen kè sansib,
pou Abraram ansanm ak tout ras li a,
dapre pwomès li te fè zansèt nou yo.

Lè sa a, Mari di: Kite m' chante pou Mèt ki gen tout pouvwa a. Lespri m pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen. Paske li voye je l sou mwen, yon sèvant ki soumèt devan li. Wi, depi kounyeya, epi pou tout tan, tout moun pral di: Ou se yon fanm Bondye beni! Paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil bèl bagay pou mwen. Non li, se yon non pou tout moun respekte. L'ap toujou gen pitye pou tout moun ki gen krentif pou li. Li fè lèzòm santi fòs ponyèt li. Li fè moun ki gen lògèy ak gwo lide nan kè yo pèdi tèt yo. Li desann chèf ki te byen chita nan fòtèy yo. Li leve moun ki pa gen pretansyon yo. Li bay moun ki grangou yo anpil byen. Li voye rich yo ale san anyen. Li vin pote sekou bay pèp Izrayèl k'ap sèvi l la. Li pa bliye fè wè jan li toujou gen kè sansib, pou Abraram ansanm ak tout ras li a, dapre pwomès li te fè zansèt nou yo.

Lik 1:46-55

Luke 1:46-55
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo