Joshua 24:14-15

Kounyeya menm, se pou nou gen krentif pou Senyè a, se pou nou sèvi l ak tout kè nou tout bon vre. Voye bondye zansèt nou yo te konn sèvi lòt bò larivyè Lefrat la ak nan peyi Lejip la jete! Sèvi Senyè a. Men, si nou pa vle sèvi Senyè a, depi kounyeya chwazi sa nou vle sèvi a: oswa bondye zansèt nou yo t'ap sèvi nan peyi lòt bò larivyè Lefrat la, osinon bondye moun Amori yo t'ap sèvi nan peyi kote n'ap viv kounyeya. Men, pou mwen menm ansanm ak tout moun lakay mwen, se Senyè a n'ap sèvi.
Jozye 24:14-15