Job 19:25-28

Pou mwen menm, mwen konnen sa fen. Moun k'ap vin defann mwen an, li vivan. Se li menm k'ap kanpe andènye sou latè pou pale pou mwen. Apre mwen fin mouri, l'ap leve mwen kanpe ankò. Ak pwòp je mwen, m'ap wè Bondye mwen an. Se mwen menm menm k'ap wè l. Se p'ap yon lòt moun! Kè m ap fann, paske n'ap mande ki jan pou n fè m pase mizè ankò? Ki rezon n'ap jwenn nan mwen pou nou atake m?
Jòb 19:25-28