Juan 8:12-30

Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: — Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa. Farizyen yo di li: — Enhen, apa w'ap fè lwanj pwòp tèt ou ankò! Sa w'ap di a pa ka gen okenn valè. Jezi reponn yo: — Menm si mwen t'ap pale tèt mwen byen, sa m'ap di a se verite, paske mwen konnen ki bò m sòti, mwen konnen ki bò m prale. Men, nou menm, nou pa konnen ni ki bò m sòti, ni ki bò m prale. Nou menm, n'ap jije tankou lèzòm jije. Men, mwen menm mwen pa jije pèsonn. Mentou, si yon lè mwen gen pou m jije, m'ap jije byen dapre verite a, paske mwen p'ap jije pou kont mwen. Papa ki voye m lan ap la avèk mwen. Nou jwenn sa ekri nan Lalwa nou an tou: Lè de temwen fè menm depozisyon an, sa yo di a vre. Mwen sèvi temwen pou tèt pa m. Papa a ki voye m lan sèvi m temwen tou. Yo mande li: — Kote papa ou? Jezi reponn yo: — Nou pa konnen mwen, nou pa konn Papa mwen. Si nou te konnen m, nou ta konnen Papa m tou. Jezi te nan tanp lan, kote yo mete bwat pou fè ofrann yo. Se la li t'ap di yo tout pawòl sa yo, li t'ap moutre moun yo anpil lòt bagay ankò. Men, pèsonn pat mete men sou li, paske lè l pat ankò rive. Jezi di yo ankò: — Mwen pral fè wout mwen. N'a chache m, men n'a mouri nan peche nou yo. Nou pa ka ale kote m prale a. Jwif yo yonn di lòt: — Gen lè li pral touye tèt li? Tande sa l'ap di: Nou pa ka ale kote l prale a. Jezi reponn yo: — Nou sòti anba, mwen menm mwen sòti anwo. Nou se moun tè sa a, mwen menm mwen pa moun tè sa a. Se poutèt sa mwen di nou, n'ap mouri nan peche nou. Wi, nou gen pou n mouri nan peche nou si nou pa kwè mwen se moun mwen ye a. Yo mande li: — Ki moun ou ye? Jezi reponn yo: — Sa m te di nou depi nan konmansman an. Mwen gen anpil bagay pou m di sou nou, anpil bagay menm pou m jije nan nou. Men, moun ki voye m lan, se verite ase li di. Se sèlman sa m pran nan bouch li m'ap anonse bay lèzòm ki sou latè. Yo pat konprann se sou Papa a li t'ap pale yo. Jezi di yo ankò: — Lè n'a leve Moun Bondye voye nan lachè a byen wo, n'a konnen se mwen menmm ki li menm. Lè sa a, n'a konnen mwen pa fè anyen pou kont mwen. Se sèlman sa Papa a moutre m mwen di. Moun ki voye m lan la avèk mwen. Li pa kite m pou kont mwen paske mwen toujou fè sa k fè l plezi. Anpil moun ki te tande Jezi pale konsa te kwè nan li.
Jan 8:12-30