Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

John 8:12-16

Jan 8:12-16 - Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di:
— Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa.
Farizyen yo di li:
— Enhen, apa w'ap fè lwanj pwòp tèt ou ankò! Sa w'ap di a pa ka gen okenn valè.
Jezi reponn yo:
— Menm si mwen t'ap pale tèt mwen byen, sa m'ap di a se verite, paske mwen konnen ki bò m sòti, mwen konnen ki bò m prale. Men, nou menm, nou pa konnen ni ki bò m sòti, ni ki bò m prale. Nou menm, n'ap jije tankou lèzòm jije. Men, mwen menm mwen pa jije pèsonn. Mentou, si yon lè mwen gen pou m jije, m'ap jije byen dapre verite a, paske mwen p'ap jije pou kont mwen. Papa ki voye m lan ap la avèk mwen.

Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: — Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa. Farizyen yo di li: — Enhen, apa w'ap fè lwanj pwòp tèt ou ankò! Sa w'ap di a pa ka gen okenn valè. Jezi reponn yo: — Menm si mwen t'ap pale tèt mwen byen, sa m'ap di a se verite, paske mwen konnen ki bò m sòti, mwen konnen ki bò m prale. Men, nou menm, nou pa konnen ni ki bò m sòti, ni ki bò m prale. Nou menm, n'ap jije tankou lèzòm jije. Men, mwen menm mwen pa jije pèsonn. Mentou, si yon lè mwen gen pou m jije, m'ap jije byen dapre verite a, paske mwen p'ap jije pou kont mwen. Papa ki voye m lan ap la avèk mwen.

Jan 8:12-16

John 8:12-16
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo