John 8:12-16

Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: — Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa. Farizyen yo di li: — Enhen, apa w'ap fè lwanj pwòp tèt ou ankò! Sa w'ap di a pa ka gen okenn valè. Jezi reponn yo: — Menm si mwen t'ap pale tèt mwen byen, sa m'ap di a se verite, paske mwen konnen ki bò m sòti, mwen konnen ki bò m prale. Men, nou menm, nou pa konnen ni ki bò m sòti, ni ki bò m prale. Nou menm, n'ap jije tankou lèzòm jije. Men, mwen menm mwen pa jije pèsonn. Mentou, si yon lè mwen gen pou m jije, m'ap jije byen dapre verite a, paske mwen p'ap jije pou kont mwen. Papa ki voye m lan ap la avèk mwen.
Jan 8:12-16