John 7:37-52

Jan 7:37-52 - Dènye jou fèt la, se li ki te pi enpòtan. Jou sa a, Jezi kanpe devan foul moun yo, li di yo byen fò:
— Si yon moun swaf dlo, li mèt vin jwenn mwen, li mèt vin bwè. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, y'ap wè gwo kouran dlo k'ap bay lavi koule sòti nan kè yo, jan sa ekri nan Liv la.
(Jezi t'ap pale ki jan moun ki kwè nan li yo ta pral resevwa Sentespri. Lè sa a, Sentespri pat ankò desann sou pèsonn, paske Jezi pat ankò moute nan syèl la.)

Te gen kèk moun nan foul pèp la, lè yo fin tande pawòl sa yo, yo t'ap di konsa:
— Se vre wi. Nonm sa a, se pwofèt la!
Gen lòt ki t'ap di:
— Se Kris la.
Gen lòt ankò ki t'ap di:
— Men, Kris la pa ka sòti nan peyi Galile. Liv la di: Kris la, se yon pitit pitit David la ye. Se Betleyèm li gen pou l sòti, lavil kote David te pase tout lavi li a.
Te vin gen divizyon nan mitan foul moun yo poutèt Jezi. Gen ladan yo ki te vle arete l, men pèsonn pat mete men sou li.

Lè gad yo tounen vin jwenn yo, chèf prèt yo ak farizyen yo mande yo:
— Poukisa nou pa mennen l ban nou?
Gad yo reponn:
— Nou poko janm wè yon nonm ki pale tankou nonm sa a.
Farizyen yo di:
— Gen lè nou kite l pran tèt nou tou? Eske nou wè gen yon sèl nan chèf nou yo osinon nan farizyen yo ki kwè nan li? Moun sa yo genlè pa konn lalwa Moyiz la. Se moun ki gen madichon!
Nikodèm te yonn nan farizyen ki te la yo. Se menm Nikodèm sa a ki te al wè Jezi kèk jou pase. Li di yo konsa:
— Dapre Lalwa nou, nou pa ka jije yon moun san nou pa tande l anvan, san nou pa konnen sa l fè.
Yo reponn li:
— Gen lè, ou menm tou, ou se moun Galile? Al etidye sa ki ekri nan Liv la, w'a wè pa gen pwofèt ki janm sòti nan peyi Galile.
[

Dènye jou fèt la, se li ki te pi enpòtan. Jou sa a, Jezi kanpe devan foul moun yo, li di yo byen fò: — Si yon moun swaf dlo, li mèt vin jwenn mwen, li mèt vin bwè. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, y'ap wè gwo kouran dlo k'ap bay lavi koule sòti nan kè yo, jan sa ekri nan Liv la. (Jezi t'ap pale ki jan moun ki kwè nan li yo ta pral resevwa Sentespri. Lè sa a, Sentespri pat ankò desann sou pèsonn, paske Jezi pat ankò moute nan syèl la.) Te gen kèk moun nan foul pèp la, lè yo fin tande pawòl sa yo, yo t'ap di konsa: — Se vre wi. Nonm sa a, se pwofèt la! Gen lòt ki t'ap di: — Se Kris la. Gen lòt ankò ki t'ap di: — Men, Kris la pa ka sòti nan peyi Galile. Liv la di: Kris la, se yon pitit pitit David la ye. Se Betleyèm li gen pou l sòti, lavil kote David te pase tout lavi li a. Te vin gen divizyon nan mitan foul moun yo poutèt Jezi. Gen ladan yo ki te vle arete l, men pèsonn pat mete men sou li. Lè gad yo tounen vin jwenn yo, chèf prèt yo ak farizyen yo mande yo: — Poukisa nou pa mennen l ban nou? Gad yo reponn: — Nou poko janm wè yon nonm ki pale tankou nonm sa a. Farizyen yo di: — Gen lè nou kite l pran tèt nou tou? Eske nou wè gen yon sèl nan chèf nou yo osinon nan farizyen yo ki kwè nan li? Moun sa yo genlè pa konn lalwa Moyiz la. Se moun ki gen madichon! Nikodèm te yonn nan farizyen ki te la yo. Se menm Nikodèm sa a ki te al wè Jezi kèk jou pase. Li di yo konsa: — Dapre Lalwa nou, nou pa ka jije yon moun san nou pa tande l anvan, san nou pa konnen sa l fè. Yo reponn li: — Gen lè, ou menm tou, ou se moun Galile? Al etidye sa ki ekri nan Liv la, w'a wè pa gen pwofèt ki janm sòti nan peyi Galile. [

Jan 7:37-52