John 6:35-48

Jezi di yo: — Se mwen menm, pen ki bay lavi a. Moun ki vi jwenn mwen p'ap janm grangou. Moun ki kwè nan mwen p'ap janm swaf. Men, mwen te di nou sa: nou wè m, men nou pa kwè toujou. Tout moun Papa a ban mwen, gen pou vin jwenn mwen. Mwen p'ap janm mete moun ki vin jwenn mwen yo deyò. Paske, se pa pou fè volonte pa m mwen desann sot nan syèl la, men pou m fè volonte moun ki voye m lan. Men sa moun ki voye m lan vle: li vle pou m pa pèdi yonn nan moun li ban mwen yo, men pou m fè yo leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a. Men sa Papa m vle: Tout moun ki wè Pitit la, ki kwè nan li, se pou yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m fè yo leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a. Jwif yo te fache anpil sou Jezi poutèt li te di: Se mwen menm ki pen ki desann sot nan syèl la. Yo t'ap di: — Se pa Jezi, ti gason Jozèf la! Nou konn papa li ak manman li. Kijan li ka fè di koulyeya li desann sot nan Bondye? Jezi reponn yo: — Nou pa bezwen ap bougonnen konsa. Pesonn pa ka vin jwenn mwen si Papa ki voye mwen an pa atire li. Mwen menm, m'ap resisite li nan dènye jou a. Se sa ki ekri nan liv pwofèt yo: Bondye menm ap moutre yo tout bagay. Tout moun ki koute Papa a, ki asepte tou sa l moutre yo, y'ap vin jwenn mwen. Sa pa vle di gen pèsonn ki janm wè Papa a. Sèl moun ki wè Papa a, se moun ki sòti bò kote Bondye ye a. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo ki gen lavi ki p'ap janm fini an. Se mwen menm pen ki bay lavi a.
Jan 6:35-48