John 5:24-27

— Anverite moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans yo nan moun ki voye mwen an, l'ap gen lavi etènèl. Yo yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi. — Anverite gen yon lè k'ap rive, li deja rive, mò yo pral tande vwa Pitit Bondye a. Tout mò ki tande vwa a, yo pral reviv ankò. Papa a gen pouvwa pou l bay lavi. Konsa tou, li bay Pitit la pouvwa pou bay lavi tou. Li bay Pitit la otorite pou jije, paske Pitit la, se Moun Bondye voye nan lachè a.
Jan 5:24-27