Jan 20:20-23

Apre li fin di yo sa, li moutre yo de pla men l ak bò kòt li. Disip yo pat manke kontan lè yo wè Senyè a. Jezi di yo ankò: — Lapè avèk nou! Menm jan Papa a voye mwen an, se konsa mwen voye nou tou. Apre pawòl sa yo, li soufle sou yo, li di yo: — Resevwa Sentespri. Moun n'a padonnen peche yo, y'a jwenn padon. Moun n'a refize padonnen, yo p'ap jwenn padon.
Jan 20:20-23