John 16:8-13

Li menm, lè l'a vini, l'a fè lemonn wè lerè yo sou kesyon peche, sou kesyon jistis ak sou kesyon jijman. Yo nan lerè sou kèsyon peche a, paske yo pa mete konfyans yo nan mwen. Yo nan lerè sou kèsyon sa ki dwat devan Bondye, paske mwen pral jwenn Papa a, nou p'ap wè m ankò. Yo nan lerè sou kesyon jijman an paske chèf k'ap dominen lemonn lan deja jije. Mwen gen anpil lòt bagay ankò pou m di nou, men nou pa ka konprann yo kounyeya. Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè l'a vini, l'a mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa l'a tande, se sa l'a di nou: l'a fè nou konnen bagay ki gen pou rive.
Jan 16:8-13