Jan 15:7-9

Si nou fè yonn ak mwen, si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou mèt mande sa nou vle, y'a ban nou li. Men ki jan pouvwa Papa m lan va parèt aklè: se lè nou donnen anpil, lè nou fè wè se disip mwen nou ye. Jan Papa a renmen m lan, se konsa mwen renmen nou tou. Nou menm, se pou nou renmen menm jan mwen renmen nou an.
Jan 15:7-9