John 15:12-27

Men kòmandman m'ap ban nou: Se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou. Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo. Nou tout, se zanmi m nou ye depi nou fè sa m mande nou fè. Mwen p'ap rele nou domestik, paske yon domestik pa konnen sa mèt li ap fè. M'ap rele nou zanmi paske mwen fè nou konnen tou sa Papa a te moutre mwen. Se pa nou ki chwazi m, se mwen menm ki chwazi nou, ki mete nou apa pou n ale, pou n ka donnen, pou donn nou ka konsève. Konsa, Papa a va ban nou nenpòt kisa n'a mande nan non mwen. Wi, men sa m mande nou: Se pou nou yonn renmen lòt. — Si moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo rayi nou, pa bliye yo te rayi m anvan yo te rayi nou. Si nou te moun lemonn, lemonn ta renmen nou, paske nou ta pou li. Men, mwen chwazi nou, mwen wete nou anba pouvwa lemonn. Se poutèt sa lemonn rayi nou: nou pa moun lemonn ankò. Chonje sa m te di nou: Yon domestik pa janm pi grannèg pase mèt li. Si yo pèsekite m, y'a pèsekite nou tou. Si yo fè sa m te moutre yo, y'a fè sa n'a moutre yo tou. Men, y'ap fè nou tou sa poutèt mwen, paske yo pa konnen moun ki te voye m lan. Si m'pa te vini, si m'pa te pale avè yo, yo pa ta antò, yo pa ta peche. Men koulyeya, yo pa gen eskiz pou peche yo. Moun ki rayi m, li rayi Papa m tou. Si m'pa te fè bagay okenn lòt moun pa te janm fè nan mitan yo, yo pa ta antò, yo pa ta peche. Men koulyeya, yo wè sa m'fè, yo rayi ni mwen ni Papa m'. Men, yo fè tou sa pou pawòl ki ekri nan Lalwa yo a te ka rive vre: Yo rayi m san m pa fè yo anyen. Lè pwotektè nou an va vini, Lespri verite m'ap voye ban nou k'ap soti nan Papa a, li va pale pou mwen. Nou menm tou, nou va temwaye pou mwen. Paske, nou la avèk mwen depi nan kòmansman.
Jan 15:12-27