Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Jan 14:15-24

Jan 14:15-24 - — Si nou renmen m, se pou n obeyi kòmandman m yo. Mwen menm, m'ap mande Papa a ban nou yon lòt pwotektè dekwa pou li toujou la avèk nou. Se Lespri verite a. Sila a lemonn pa ka resevwa a, paske yo pa wè li, ni yo pa konnen li. Men nou menm, nou konnen li paske li la avèk nou epi l'ap nan nou.
— Mwen p'ap kite nou pou kont nou: M'ap tounen vin jwenn nou ankò. Anvan lontan ankò, lemonn p'ap wè m, men nou menm n'a wè mwen. Paske m'ap viv, nou menm tou n'ap viv. Lè jou sa a va rive, n'a konnen mwen nan Papa a, nou menm nou nan mwen, epi mwen menm mwen nan nou.
— Moun ki asepte kòmandman m yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m'a renmen l, epi m'a fè l wè mwen.
Jid (se pa Jida Iskaryòt la non) di l konsa:
— Senyè, ki jan pou ou fè nou wè ou san pou moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo pa wè ou?
Jezi reponn li:
— Moun ki renmen m, se li menm ki va fè tou sa m di l fè. Papa m va renmen l tou. Papa m va vin jwenn li ansanm avè m, n'a viv nan li. Moun ki pa renmen m, li p'ap fè tou sa m di l fè. Tou sa nou tande m'ap di a, se pa nan mwen yo sòti, men se nan Papa m ki voye m lan yo sòti.

— Si nou renmen m, se pou n obeyi kòmandman m yo. Mwen menm, m'ap mande Papa a ban nou yon lòt pwotektè dekwa pou li toujou la avèk nou. Se Lespri verite a. Sila a lemonn pa ka resevwa a, paske yo pa wè li, ni yo pa konnen li. Men nou menm, nou konnen li paske li la avèk nou epi l'ap nan nou. — Mwen p'ap kite nou pou kont nou: M'ap tounen vin jwenn nou ankò. Anvan lontan ankò, lemonn p'ap wè m, men nou menm n'a wè mwen. Paske m'ap viv, nou menm tou n'ap viv. Lè jou sa a va rive, n'a konnen mwen nan Papa a, nou menm nou nan mwen, epi mwen menm mwen nan nou. — Moun ki asepte kòmandman m yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m'a renmen l, epi m'a fè l wè mwen. Jid (se pa Jida Iskaryòt la non) di l konsa: — Senyè, ki jan pou ou fè nou wè ou san pou moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo pa wè ou? Jezi reponn li: — Moun ki renmen m, se li menm ki va fè tou sa m di l fè. Papa m va renmen l tou. Papa m va vin jwenn li ansanm avè m, n'a viv nan li. Moun ki pa renmen m, li p'ap fè tou sa m di l fè. Tou sa nou tande m'ap di a, se pa nan mwen yo sòti, men se nan Papa m ki voye m lan yo sòti.

Jan 14:15-24

Jan 14:15-24
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo