Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

ヨハネによる福音書 14:1-10

Jan 14:1-10 - Jezi di yo:
— Pa kite tèt nou toumante. Mete konfyans nou nan Bondye, mete konfyans nou nan mwen tou. Lakay Papa a gen anpil kote pou moun rete. Mwen pral pare plas pou nou. Si se pat vre, mwen pa ta di nou sa. Lè m'a fin pare plas la pou nou, m'a tounen vin chache nou. Konsa, kote m'a ye a, se la n'a ye tou. Nou konnen chemen ki mennen kote m prale a.
Toma di li:
— Senyè, nou pa konnen kote ou prale a. Ki jan ou ta vle pou nou konnen chemen pou n pran an?
Jezi reponn li:
— Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen. Si nou konnen m, n'a konn Papa m tou. Men, depi kounyeya nou konnen l, nou wè l tou.
Filip di l konsa:
— Senyè, moutre nou Papa a. Se sa ase nou bezwen.
Jezi reponn li:
— Depi tout tan sa a mwen la avè nou, Filip, ou poko konnen m toujou? Moun ki wè m, li wè Papa a. Ki jan ou ka fè di: Moutre m Papa a? Gen lè ou pa kwè mwen nan Papa a? Ou pa kwè Papa a nan mwen tou? Tout pawòl mwen di nou yo, se pa nan mwen yo sòti. Papa a ki fè yonn ak mwen an, se li menm k'ap fè travay li.

Jezi di yo: — Pa kite tèt nou toumante. Mete konfyans nou nan Bondye, mete konfyans nou nan mwen tou. Lakay Papa a gen anpil kote pou moun rete. Mwen pral pare plas pou nou. Si se pat vre, mwen pa ta di nou sa. Lè m'a fin pare plas la pou nou, m'a tounen vin chache nou. Konsa, kote m'a ye a, se la n'a ye tou. Nou konnen chemen ki mennen kote m prale a. Toma di li: — Senyè, nou pa konnen kote ou prale a. Ki jan ou ta vle pou nou konnen chemen pou n pran an? Jezi reponn li: — Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen. Si nou konnen m, n'a konn Papa m tou. Men, depi kounyeya nou konnen l, nou wè l tou. Filip di l konsa: — Senyè, moutre nou Papa a. Se sa ase nou bezwen. Jezi reponn li: — Depi tout tan sa a mwen la avè nou, Filip, ou poko konnen m toujou? Moun ki wè m, li wè Papa a. Ki jan ou ka fè di: Moutre m Papa a? Gen lè ou pa kwè mwen nan Papa a? Ou pa kwè Papa a nan mwen tou? Tout pawòl mwen di nou yo, se pa nan mwen yo sòti. Papa a ki fè yonn ak mwen an, se li menm k'ap fè travay li.

Jan 14:1-10

ヨハネによる福音書 14:1-10
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo