ヨハネによる福音書 14:1-10

Jezi di yo: — Pa kite tèt nou toumante. Mete konfyans nou nan Bondye, mete konfyans nou nan mwen tou. Lakay Papa a gen anpil kote pou moun rete. Mwen pral pare plas pou nou. Si se pat vre, mwen pa ta di nou sa. Lè m'a fin pare plas la pou nou, m'a tounen vin chache nou. Konsa, kote m'a ye a, se la n'a ye tou. Nou konnen chemen ki mennen kote m prale a. Toma di li: — Senyè, nou pa konnen kote ou prale a. Ki jan ou ta vle pou nou konnen chemen pou n pran an? Jezi reponn li: — Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen. Si nou konnen m, n'a konn Papa m tou. Men, depi kounyeya nou konnen l, nou wè l tou. Filip di l konsa: — Senyè, moutre nou Papa a. Se sa ase nou bezwen. Jezi reponn li: — Depi tout tan sa a mwen la avè nou, Filip, ou poko konnen m toujou? Moun ki wè m, li wè Papa a. Ki jan ou ka fè di: Moutre m Papa a? Gen lè ou pa kwè mwen nan Papa a? Ou pa kwè Papa a nan mwen tou? Tout pawòl mwen di nou yo, se pa nan mwen yo sòti. Papa a ki fè yonn ak mwen an, se li menm k'ap fè travay li.
Jan 14:1-10