Jan 12:12-15

Nan denmen, tout foul moun ki te vini pou fèt Delivrans jwif yo te vin konnen Jezi t'ap rive lavil Jerizalèm. Lè sa a, yo koupe fèy palmis, yo soti ale kontre li. Yo t'ap plede rele: — Beniswa Letènèl! Benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la! Wi, benediksyon pou Wa pèp Izrayèl la! Jezi te jwenn yon ti bourik. Li moute chita sou li, jan sa te ekri nan Liv la: Nou pa bezwen pè, nou menm ki nan lavil Siyon an. Gade, men wa nou an ap vini: Li moute yon jenn ti bourik.
Jan 12:12-15