John 10:7-28

Jezi di yo ankò: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Mwen se pòt pak mouton yo. Tout moun ki te vin anvan m yo, se yon bann vòlè ak piyajè yo te ye. Men, mouton yo pat koute yo. Se mwen menm ki pòt la. Moun ki pase nan mwen pou antre, l'a sove. L'a antre, l'a sòti, l'a jwenn manje pou l manje. Lè vòlè a vini, se vòlò li vin vòlò, se touye li vin touye, se detwi li vin detwi, se sa ase li vin fè. Mwen menm, mwen vin pou moun ka gen lavi, epi pou yo genyen l an kantite. — Se mwen menm ki bon gadò a. Yon bon gadò bay lavi li pou mouton li. Moun k'ap fè djòb, se pa gadò li ye. Mouton yo pa pou li. Lè li wè bèt sovaj ap vini, l'ap kouri kite mouton yo, l'ap met deyò. Lèkonsa, bèt sovaj ap devore mouton yo, y' ap gaye. Nonm lan met deyò paske se yon djòb l'ap fè. Ki mele l ak mouton yo? Mwen menm, mwen se gadò mouton yo. Papa a konnen m, mwen konn Papa a. Konsa tou, mwen konnen mouton m yo. Yo menm tou yo konnen mwen. Mwen gen lòt mouton toujou ki poko nan pak la. Fòk mwen mennen yo tou. Y'a tande vwa mwen. Lè sa a, mouton yo ap fè yon sèl bann, ap gen yon sèl gadò. — Papa a renmen m, paske m'ap bay lavi m pou m ka resevwa l ankò. Pèsonn pa ka wete lavi m'. Se mwen ki bay li, paske mwen vle. Mwen gen pouvwa pou m'bay li, mwen gen pouvwa pou m' reprann li. Se sa menm Papa m' te ban m' lòd fè. Te vin gen yon lòt kont nan mitan jwif yo sou pawòl sa yo. Anpil jwif t'ap di: — Li gen yon move lespri sou li! Li fou! Sàn bezwen pèdi tan n ap koute yon nonm konsa fè? Gen lòt ki t'ap di: — Yon moun ki gen move lespri sou li pa ta pale konsa. Eske move lespri kapab louvri je avèg? Se te nan mitan sezon fredi. Yo t'ap fete fèt Dedikas la nan lavil Jerizalèm. Jezi t'ap ale vini anba Galeri Salomon an nan tanp lan. Jwif yo sanble bò kote l, yo di l konsa: — Kilè w'a wete nou nan doutans sa a? Si ou se Kris la, di nou sa kare kare. Jezi reponn yo: — Mwen deja di nou sa, nou pa vle kwè mwen. Bagay m'ap fè yo, se avèk otorite Papa m m'ap fè yo. Yo pale pou mwen. Men, nou pa kwè paske nou pa fè pati mouton m yo. Mouton m yo koute vwa m, mwen konnen yo epi yo swiv mwen. Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pèsonn p'ap janm ka rache yo nan men mwen.
Jan 10:7-28