Jeremiah 32:16-44

Apre mwen te fin bay Bawouk, pitit gason Nerija a, papye tè yo, mwen lapriyè Senyè a, mwen di l: — Aa, Senyè, Bondye! Se avèk fòs kouray ou, se avèk gwo pouvwa ou ou te fè syèl la ak latè a. Anyen pa twò difisil pou ou. Ou fè mil jenerasyon nan yon fanmi wè jan ou gen bon kè. Men tou, ou fè pitit peye pou peche papa ak manman yo te fè. Ou se yon Bondye ki gen pouvwa, ki gen fòs. Yo rele ou: Senyè ki gen tout pouvwa a. Plan travay ou, se gwo zafè. Yo pa ka konte bèl bagay ou fè yo. Je ou louvri sou tou sa moun ap fè, pou bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè, dapre jan yo mennen bak yo. Depi nan tan lontan rive jouk jounen jòdi a, ou te fè mirak ak mèvèy nan peyi Lejip, nan peyi Izrayèl ak nan tout lòt nasyon yo. Konsa, kounyeya yo konnen ou toupatou. Ou fè nou sòti kite peyi Lejip ak fòs ponyèt ou ak gwo kouray ou. Ou te fè anpil mirak ak anpil mèvèy, anpil bagay ki te fè moun pè. Ou te ba yo peyi ou te pwomèt ou t'ap bay zansèt yo a, peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Yo rive nan peyi a, yo pran l pou yo, men yo derefize koute ou. Yo pa viv jan ou te mande yo viv la. Yo pa fè tou sa ou te ba yo lòd fè a. Se konsa, ou voye tout gwo malè sa a sou yo jòdi a. Moun Babilòn yo sènen lavil la, y'ap anpile tè nan pye miray yo, y'ap pwoche pou yo pran lavil la. Nou ta mèt di lavil la nan men yo deja. Lagè, grangou ak move maladi fin kraze kouray moun yo. Ou wè sa ou te di a rive vre. Wi, sa ki rete pou lavil la tonbe nan men moun Babilòn yo pa anyen. Poukisa atò, Senyè Bondye, ou ban m lòd achte jaden sa a pou lajan kach devan temwen? Senyè a pale ak Jeremi ankò, li di l konsa: — Mwen menm Senyè a, mwen se Bondye tout moun sou latè. Pa gen anyen ki twò difisil pou m fè. Se poutèt sa, mwen menm mwen di ou: m'ap lage lavil sa a nan men moun Babilòn yo, nan men Nebikadneza, wa yo a! Y'ap pran lavil la. Moun Babilòn k'ap atake lavil la pral antre ladan l. Y'ap mete dife, y'ap boule l. Y'ap mete dife nan kay kote moun yo te fè m fache anpil la, lè yo te moute anwo twati a pou boule lansan pou Baal, pou fè ofrann diven pou lòt bondye. Paske, moun Izrayèl yo ak moun Jida yo, se sa ki mal ase y'ap fè depi nan konmansman. Wi, moun Izrayèl yo, se fache y'ap fè m fache ase ak tou sa y'ap fè a. Se Senyè a menm ki di sa. Lavil Jerizalèm sa a, depi jou yo te bati l la rive jouk jòdi a, se kòlè l'ap fè m fè, se move san l'ap fè m fè. Kifè kounyeya, mwen pa ka wè l devan je m ankò. Akòz tou sa moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo te fè ki mal, m about ak yo tout, ni wa yo, ni chèf yo, ni prèt yo, ni pwofèt yo, ni moun peyi Jida yo, ni moun lavil Jerizalèm yo. Yo vire do ban mwen. Malgre mwen pat janm sispann montre yo sa pou yo fè, yo pat vle koute m, yo pa vle aprann. Yo mete vye zidòl yo nan Tanp yo te mete apa pou mwen an, yo fè Tanp lan pa nan kondisyon pou sèvi m ankò. Yo bati lotèl pou Baal nan Fon Benn-inon an, yo ofri pitit gason yo ak pitit fi yo pou yo touye pou Molòk, bagay mwen pat janm ba yo lòd fè, bagay ki pat janm vin nan lide m. Lè yo fè bagay degoutan sa a, yo fè pèp Jida a tonbe nan peche. Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pale ak Jeremi, li di l konsa: — Kounyeya mwen ta renmen di yon lòt bagay sou lavil Jerizalèm. Ou te di ansanm ak lòt yo: Lagè, grangou ak move maladi ap fini ak lavil la, l'ap tonbe nan men wa Babilòn lan. Enben, wi! Mwen te fache sou yo, mwen te move anpil, mwen te fè gwo kòlè. Lè sa a, mwen gaye yo nan yon bann peyi. Men, mwen pral sanble yo, m'ap mennen yo tounen isit la ankò pou yo ka viv san kè sote. Lè sa a, yo menm y'a tounen pèp ki apa pou mwen an ankò, mwen menm m'a tounen Bondye yo ankò. Sèl lide m'ap mete nan tèt yo tout, sèl anvi m'a ba yo tout, se pou yo gen krentif pou mwen tout tan. Se va pou byen yo ak pou byen pitit pitit yo. M'ap pase yon kontra ak yo ki p'ap janm kase. M'ap pran angajman mwen p'ap janm lage yo. Mwen p'ap janm sispann fè yo byen. Wi, m'a fè yo gen krentif pou mwen ak tout kè yo. Konsa, yo p'ap janm vire do ban mwen ankò. M'a pran plezi pou m fè yo byen. M'a travay ak tout kè m ak tout nanm mwen pou yo pran rasin nèt nan peyi a. Senyè a di ankò: Menm jan se mwen menm ki te fè gwo malè sa a rive pèp la, konsa tou, se mwen menm ki pral ba yo tout bon bagay mwen te pwomèt m'ap ba yo. W'ap di ansanm ak lòt moun yo: Peyi a fini. Pa gen yon moun, pa gen yon bèt ladan l. Yo lage peyi a nan men moun Babilòn yo. Men yon lè, moun va achte tè nan peyi a ankò. Wi, nan tout peyi Benjamen an, nan tout ti bouk ki nan vwazinay lavil Jerizalèm yo, nan tout lavil Jida yo, nan lavil ki nan mòn yo, nan tout lavil ki nan plenn yo, bò lanmè, ak nan sid peyi a, moun va achte jaden, y'a pase papye tè, y'a sele yo, y'a fè temwen siyen yo. Paske m'ap fè pèp la tounen nan peyi a ankò. Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Jeremi 32:16-44